Font Size
Revelasyon 17:5-7
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Revelasyon 17:5-7
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
5 Fanm nan te gen yon non ekri sou fon l. Non sa a gen yon sans sekrè. Men non an:
Gwo lavil Babilòn nan
manman tout pwostitye yo
ansanm ak tout move zak sou latè
6 M gade, m wè fanm nan te sou. Li te sou avèk san pèp Bondye a li te bwè. Li sou avèk san moun k ap rann temwanyaj pou Jezi yo. Lè m te wè fanm nan, mwen te sezi anpil.
7 Lè sa a, anj lan di m konsa: “Pou kisa w sezi konsa? M ap di w sekrè fanm nan ansanm ak bèt li monte a, bèt ki gen sèt tèt ak dis kòn nan.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International