Add parallel Print Page Options

wa tout wa yo ak Senyè tout SENYÈ yo

17 Apre sa, m wè yon zanj kanpe nan solèy la. Li rele ak yon vwa byen fò, li di tout zwazo ki nan syèl la: “Vini, rasanble, pou gwo repa manje Bondye a. 18 Rasanble pou n manje kò wa yo, kòmandan lame yo ak sòlda yo. Vin manje kò cheval yo ak tout moun ki monte yo, kit se moun lib, kit se esklav, kit se timoun, kit se granmoun.”

19 Lè sa a, m wè bèt la ansanm ak wa ki sou latè yo, ak tout sòlda lame yo. Yo reyini pou batay ak kavalye ki te sou cheval la ansanm ak lame pa l la.

Read full chapter