Font Size
Revelasyon 20:10-12
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Revelasyon 20:10-12
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
10 Epi dyab la ki t ap twonpe tout nasyon yo, yo voye l nan yon letan dife ak souf, menm kote ak bèt la, ansanm ak fo pwofèt la. Yo va nan toumant lajounen kou lannuit pou tout tan gen tan.
Jijman nasyon yo
11 Apre sa, m wè yon gwo fotèy blan ki te gen yon moun chita sou li. Tè a ak syèl la te pran kouri devan l. Yo disparèt nèt. 12 Epi m wè moun ki te mouri yo, gwo kou piti, yo tout te kanpe devan fotèy la. Te gen plizyè liv ki te louvri. Te gen yon lòt liv ki te louvri tou, se te liv lavi a. Epi mò yo te jije dapre sa ki te ekri nan liv sa yo, dapre sa yo te fè.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International