Add parallel Print Page Options

12 Vil la te gen yon miray byen wo epi byen laj ak douz pòtay. Sou douz pòtay yo te gen douz zanj. Chak pòtay gen non yon tribi Izrayèl ekri sou li. 13 Te gen twa pòt sou kote lès; te gen twa pòt sou kote nò; te gen twa pòt sou kote sid; te gen twa pòt sou kote lwès. 14 Miray vil la te bati sou yon fondasyon ki fèt ak douz wòch. Non douz apot Ti Mouton an te ekri sou douz wòch yo.

Read full chapter