Add parallel Print Page Options

20 Senkyèm nan te an oniks. Sizyèm nan te an sadwan. Setyèm nan te an krizolit. Uityèm nan te an beril. Nevyèm nan te an topaz. Dizyèm nan an krizopaz. Onzyèm nan an tikwaz. Douzyèm nan an ametis. 21 Douz pòtay yo se te douz bèl grenn pèl. Chak pòtay te fèt ak yon sèl grenn pèl. Tout lari nan vil la te fèt ak bon lò, klere kon kristal.

22 Men nan vil la, m pa wè tanp, tanp lan se Senyè a menm, Bondye ki gen tout pouvwa a, ansanm ak Ti Mouton an.

Read full chapter