Font Size
Revelasyon 21:8-10
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Revelasyon 21:8-10
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
8 Men moun ki lach yo, sa yo ki pa fidèl yo, sa yo k ap komèt vye zak tèrib, asasen yo, moun imoral yo, sòsyè yo, moun k ap adore fo dye yo, tout moun k ap bay manti yo, yo tout pral nan letan dife ak souf la. Se sa ki dezyèm lanmò a.”
9 Youn nan sèt zanj yo vin kote m. Se te youn nan sèt zanj ki te gen sèt koup plen ak sèt dènye gwo kalamite yo. Li di m konsa: “Vini, m pral montre w lamarye, fiyanse Ti Mouton an.” 10 Zanj lan kapte lespri m epi l mennen m sou tèt yon gwo mòn byen wo. Li montre m vil ki apa pou Bondye a, Jerizalèm Bondye voye desann soti nan syèl la.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International