Font Size
Revelasyon 21:9-11
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Revelasyon 21:9-11
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
9 Youn nan sèt zanj yo vin kote m. Se te youn nan sèt zanj ki te gen sèt koup plen ak sèt dènye gwo kalamite yo. Li di m konsa: “Vini, m pral montre w lamarye, fiyanse Ti Mouton an.” 10 Zanj lan kapte lespri m epi l mennen m sou tèt yon gwo mòn byen wo. Li montre m vil ki apa pou Bondye a, Jerizalèm Bondye voye desann soti nan syèl la.
11 Vil la te gen laglwa Bondye sou li, li t ap klere tankou bijou ki fèt ak bèl wòch ki koute byen chè. Li sanble ak wòch jas, klè tankou kristal.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International