Font Size
Revelasyon 3:5-7
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Revelasyon 3:5-7
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
5 Se konsa, moun ki ranpòte laviktwa yo ap abiye toudeblan. Mwen p ap janm efase non yo nan liv lavi a. Epi, m ap temwanye yo se moun pa m, devan Papa m epi devan anj li yo tou. 6 Se pou tout moun ki gen zòrèy tande sa Sentespri a ap di legliz yo!
Mesaj Jezi voye bay legliz Filadèlfi a
7 Ekri voye bay anj legliz Filadèlfi a: Men sa moun ki sen an epi ki di verite a voye di w. Li genyen nan men kle wayòm David la. Lè l louvri, pèsòn pa ka fèmen. Lè l fèmen, pèsòn pa ka louvri.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International