Add parallel Print Page Options

Mesaj Jezi voye bay legliz Filadèlfi a

Ekri voye bay anj legliz Filadèlfi a: Men sa moun ki sen an epi ki di verite a voye di w. Li genyen nan men kle wayòm David la. Lè l louvri, pèsòn pa ka fèmen. Lè l fèmen, pèsòn pa ka louvri.

Mwen konnen aksyon w yo. Gade: Mwen mete devan w yon pòt louvri, pa gen pèsòn ki ka fèmen l. Paske ou pa gen anpil puisans, poutan ou kenbe pawòl mwen epi ou pa pè temwanye pou mwen. Gade, m ap ba w moun sinagòg Satan yo. Yo di se Jwif yo ye, se pa vre: yo manti. M ap fè yo vin mete ajenou nan pye w pou adore w. M ap fè sa pou yo kapab konnen mwen renmen w.

Read full chapter