Font Size
Revelasyon 9:1-3
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Revelasyon 9:1-3
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Senkyèm twonpèt la kòmanse premye malè a
9 Senkyèm anj lan sonnen twonpèt li a, m wè yon zetwal sot nan syèl la tonbe sou latè. Yo ba l kle twou san fon an. 2 Li louvri pòt twou san fon an, yon gwo lafimen soti ladan l, menm jan ak lafimen yon gwo boukan dife. Lè sa a, solèy la ak lè a, tout vin fè nwa ak lafimen ki soti nan twou san fon an.
3 Yon bann gwo krikèt vèt te soti nan lafimen an gaye toupatou. Yo te resevwa yon pouvwa menm jan ak eskòpyon yo.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International