Ròm 3:9-19
Haitian Creole Version
9 Men, sa sa ye menm? Nou menm jwif, èske nou pi bon pase moun lòt nasyon yo? Non, se pa vre menm. Mwen deja moutre nou sa: tout moun, ou te mèt jwif, ou te mèt pa jwif, tout moun anba pouvwa peche a.
10 Jan sa ekri nan Liv la: Nanpwen moun ki gen rezon devan Bondye. Non, pa menm yon grenn.
11 Yo yonn pa gen konprann. Yo yonn p'ap chache Bondye.
12 Yo tout lage kò yo nan bwa, yo tout pèdi chemen yo. Nanpwen yonn ladan yo k'ap fè sa ki byen. Non, pa menm yon sèl.
13 Bouch yo ou ta di yon kavo ki louvri. Se twonpe y'ap twonpe moun ase ak lang yo. Pawòl nan bouch yo se pwazon, ou ta di venen sèpan aspik.
14 Bouch yo plen madichon ak jouman.
15 Ti krik ti krak, se fè san koule.
16 Kote yo pase se dega, se malè yo kite dèyè.
17 Yo pa konn ki jan pou yo viv byen ak moun.
18 Yo mete nan tèt yo pa gen rezon pou gen krentif Bondye.
19 ¶ Nou konnen egzijans lalwa se pou moun ki anba lalwa. Konsa, pa gen eskiz ki pou soti nan bouch pesonn: tout moun antò devan Bondye.
Read full chapter