Add parallel Print Page Options

11 Fòk nou fèmen bouch moun konsa. Y ap detwi yon bann fanmi ak move ansèyman y ap bay. Tout sa y ap chache fè se twonpe moun ak move ansèyman pou fè yo ba yo lajan. 12 Gen youn nan yo menm, pwòp pwofèt yo, moun Krèt, ki di konsa:

“Moun Krèt, toujou fò nan bay manti.
    Yo pa miyò pase bèt mawon mechan.
Sèl sa yo konnen, se manje,
    men yo pa janm vle travay.”

13 Sa l di a, se vre. Moun konsa, di yo seryezman yo bezwen chanje. Yon ekzòtasyon byen serye pral ede yo gen yon ki lafwa dwat.

Read full chapter