Font Size
Tit 1:7-9
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Tit 1:7-9
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
7 Chak lidè[a] nan legliz la dwe san fay, paske se jeran Bondye li ye; fòk li pa awogan, fòk li pa fè kòlè fasil, fòk li pa renmen bwè alkòl, ni vyolan, ni ap fè lajan yon fason ki fè wont.
8 Men se pou l renmen resevwa moun lakay li, se pou l renmen sa ki byen, moun ki gen bon konprann, moun ki jis, moun konsakre pou Bondye, moun ki kenbe tèt yo byen. 9 Li dwe yon moun ki fidèl ak Pawòl la, jan nou preche l la. Lè sa a, l ap kapab ankouraje lòt moun epi bay yon ansèyman ki dwat. Epitou, l ap kapab konvenk moun k ap bay move ansèyman yo, pou di se pa bon.
Read full chapterFootnotes
- 1:7 lidè Nan plas sa a, literalman, “siveyan, gadyen, sipèvizè”. Gade Ansyen nan Lis Mo yo.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International