Add parallel Print Page Options

Li dwe yon moun ki fidèl ak Pawòl la, jan nou preche l la. Lè sa a, l ap kapab ankouraje lòt moun epi bay yon ansèyman ki dwat. Epitou, l ap kapab konvenk moun k ap bay move ansèyman yo, pou di se pa bon.

10 Paske gen yon seri moun ki pa vle koute pèsòn, sitou pami kwayan Jwif yo. Y ap bay yon bann vye diskou ki pa chita sou anyen, y ap twonpe moun yo. 11 Fòk nou fèmen bouch moun konsa. Y ap detwi yon bann fanmi ak move ansèyman y ap bay. Tout sa y ap chache fè se twonpe moun ak move ansèyman pou fè yo ba yo lajan.

Read full chapter