Font Size
Travay 1:12-14
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Travay 1:12-14
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Yo chwazi yon lòt apot
12 Disip yo kite mòn Oliv la, yo retounen lavil Jerizalèm. Mòn Oliv la te toupre vil Jerizalèm nan, a yon distans yon kilomèt[a] konsa. 13 Lè disip yo antre nan vil la, yo monte toudwat nan chanm anwo kote yo te rete deja a. Moun ki te la yo se te: Pyè, Jan, Jak, Andre, Filip, Toma, Batèlmi, Matye, Jak, pitit Alfe a, Simon, zelòt la, epi Jida, pitit Jak la.
14 Tout apot sa yo te mete tèt yo ansanm pou priye pou menm bi. Medam yo te la tou ansanm ak Mari, manman Jezi, ak frè Jezi yo tou.
Read full chapterFootnotes
- 1:12 distans yon kilomèt Literalman, “distans pou yon jou Saba”, se te distans yon moun te gen dwa vwayaje nan yon jou Saba (1 kilomèt anviwon).
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International