Add parallel Print Page Options

18 Jida te achte yon moso tè avèk lajan sal li te resevwa pou trayi l te trayi Jezi a. Men apre sa, li sot tonbe sou tèt, vant li pete, tout trip li gaye sou menm moso tè sa a. 19 Pawòl lanmò Jida a te gaye rive nan zòrèy tout moun ki t ap viv nan lavil Jerizalèm. Sa te fè yo te bay moso tè a yon non. Nan lang pa yo, yo te rele l “Akèldama”, ki vle di “Jaden san”.

20 Men sa ki ekri nan Liv Sòm yo:

Se pou lakay li tounen yon dezè,
    se pou pèsonn pa rete lakay li.[a]

Men sa ki ekri ankò:

Se pou yon lòt moun ranplase li nan travay la.[b]

Read full chapter

Footnotes

  1. 1:20 Sitasyon sa a soti nan Sòm 69:25.
  2. 1:20 Sitasyon sa a soti nan Sòm 109:8.