Font Size
Travay 10:27-29
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Travay 10:27-29
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
27 Pyè kontinye pale ak Kònèy. Apre sa li antre nan kay la epi li wè yon bann moun te rasanble.
28 Pyè di yo: “Nou konnen li kont lalwa pou yon Jwif ni asosye l ak moun ki pa Jwif ni antre lakay yo. Men, Bondye fè m konprann mwen pa gen dwa gade pèsonn kòm moun ki enpi osinon kòm moun ki pa nan kondisyon pou l sèvi Bondye. 29 Se poutèt sa, lè ou voye chache m, mwen vini san m pa ezite. Kounye a, mwen ta vle konnen poukisa ou te voye chache m.”
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International