Add parallel Print Page Options

20 Kèk nan kwayan sa yo ki te moun Chip ak Sirèn te ale Antyòch. Lè yo rive la, yo preche moun ki pa Jwif yo[a] Bòn nouvèl Jezikris la. 21 Pouvwa Bondye te akonpanye mesye yo. Konsa, anpil nan moun sa yo te kwè epi yo te deside swiv Senyè a.

22 Lè nouvèl la tonbe nan zòrèy moun yo nan legliz Jerizalèm, yo voye Banabas ale Antyòch.

Read full chapter

Footnotes

  1. 11:20 moun ki pa Jwif yo Literalman, “Elenis yo”, ki vle di moun kilti ak koutim Grèk yo te enfliyanse. Kèk kopi nan lang Grèk rele yo “Grèk” kareman.