Font Size
Travay 13:11-13
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Travay 13:11-13
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
11 Kounye a, Bondye pral frape w. Ou ap avèg. Ou p ap wè limyè solèy la pandan kèk tan. Menm lè a, Elimas vin avèg. Tout bagay vin tou nwa devan je l. Li t ap vire kò l adwat agoch, ap chache yon moun ki pou kenbe men l, pou kondui l.”
12 Lè gouvènè zile a wè sa k te pase a, li vin kwè. Li te sezi anpil, lè l tande ansèyman mesye yo konsènan Senyè a.
Pòl ak Banabas ale nan Antyòch nan Pisidi
13 Pòl ak moun ki te avèk li yo pran batiman nan Pafòs pou ale nan vil Pèj, nan rejyon Panfili. Pandan yo nan Pèj, Jan Mak kite yo, li retounen Jerizalèm.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International