Font Size
Travay 13:39-41
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Travay 13:39-41
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
38-39 Frè n yo, konprann byen sa n ap anonse nou an. Nou kapab jwenn padon pou peche nou yo nan Jezikris. Lalwa Moyiz la pa t ka delivre nou anba peche nou yo, men nou kapab jwenn padon pou peche nou epi ranje lavi nou avèk Bondye si sèlman nou kwè nan Jezi. 40 Kidonk, se pou n pran prekosyon pou bagay pwofèt yo te di a pa rive nou:
41 Gade non, nou menm ki gen dout nan kè nou,
nou gen pou n sezi, epi n ap mouri met sou li;
Paske pandan tan pa nou an la,
m pral fè yon bagay nou p ap kwè.
Nou pa t ap janm kwè l,
menmsi moun ta rakonte nou li!”[a]
Footnotes
- 13:41 Sitasyon sa a soti nan Aba 1:5.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International