Font Size
Travay 13:45-47
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Travay 13:45-47
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
45 Lè Jwif yo wè tout moun sa yo te rasanble, yo vin gen anpil jalouzi nan kè yo. Yo tonbe ap demanti tout sa Pòl t ap di, epi yo tonbe joure. 46 Men, Pòl ak Banabas pa t kraponnen, yo di: “Nou te gen pou n pwoklame Bòn Nouvèl Bondye a bay nou menm jwif yo anvan, men nou refize tande l. Sa vle di nou pa konsidere tèt nou kòm moun ki bon ase pou n gen lavi etènèl la. Kidonk, kounye a nou pral kòmanse preche moun lòt nasyon yo. 47 Paske, men sa Senyè a menm te di nou:
Mwen mete w pou sèvi yon limyè pou lòt nasyon yo,
pou montre moun toupatou sou latè kijan pou yo sove.”[a]
Footnotes
- 13:47 Sitasyon sa a soti nan Eza 49:6.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International