Add parallel Print Page Options

46 Men, Pòl ak Banabas pa t kraponnen, yo di: “Nou te gen pou n pwoklame Bòn Nouvèl Bondye a bay nou menm jwif yo anvan, men nou refize tande l. Sa vle di nou pa konsidere tèt nou kòm moun ki bon ase pou n gen lavi etènèl la. Kidonk, kounye a nou pral kòmanse preche moun lòt nasyon yo. 47 Paske, men sa Senyè a menm te di nou:

Mwen mete w pou sèvi yon limyè pou lòt nasyon yo,
    pou montre moun toupatou sou latè kijan pou yo sove.”[a]

48 Lè moun lòt nasyon yo tande Pòl di pawòl sa yo, sa te fè yo kontan anpil. Yo te tonbe fè lwanj pou Bòn Nouvèl Bondye a. Anpil nan yo te kwè, paske Bondye te gentan chwazi yo pou yo gen lavi etènèl la.

Read full chapter

Footnotes

  1. 13:47 Sitasyon sa a soti nan Eza 49:6.