Add parallel Print Page Options

Lè Banabas ak Sòl rive nan vil Salamin, yo kòmanse preche Bòn Nouvèl Bondye a nan sinagòg Jwif yo. Yo te gen Jan Mak avèk yo pou ede yo.

Banabas ak Sòl te travèse tout zile a nèt jouk rive Pafòs. Rive yo rive Pafòs, yo rakontre yon majisyen yo te rele Bajezi. Bajezi sa a se te yon Jwif ki te vle fè tèt li pase pou yon pwofèt. Li te yon pwòch Sèjiyis Polis ki te gouvènè zile a epi ki te yon nonm entèlijan tou. Sèjiyis te envite Banabas ak Sòl vin lakay li, paske li te anvi pou l tande Bòn Nouvèl Bondye a.

Read full chapter