Font Size
Travay 15:14-16
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Travay 15:14-16
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
14 Simon Pyè gentan di nou kijan Bondye te montre amou li anvè moun ki pa Jwif yo, depi lontan, pou l chwazi pami yo yon pèp ki pote non li. 15 Pawòl pwofèt yo dakò ak sa m di a tou, paske men sa ki ekri:
16 M ap gen pou m retounen apre sa.
M ap rebati kay David la.
Ki fin tonbe.
M ap repare tout kote nan kay la ki kraze.
M ap rekanpe kay la tou nèf ankò.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International