Font Size
Travay 15:2-4
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Travay 15:2-4
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
2 Pòl ak Banabas pa t dakò ak ansèyman mesye yo ditou. Sa te lakoz gwo diskisyon. Konsa, frè yo nan vil Antyòch deside voye Pòl ak Banabas, ansanm ak kèk lòt moun, ale Jerizalèm pou diskite kesyon an ansanm avèk apot yo ak lidè yo.
3 Legliz la te ede yo prepare pou vwayaj la. Lè yo derape, yo pase Fenisi epi yo pase Samari. Nan tout kote sa yo, yo fè moun yo konnen kijan moun ki pa Jwif yo te tounen vin jwenn Bondye. Tout kwayan yo te kontan anpil lè yo tande nouvèl sa yo. 4 Lè mesye yo rive Jerizalèm, ni apot yo, ni lidè yo ansanm ak tout legliz la nèt te byen resevwa yo. Apre sa, Pòl ak Banabas ansanm ak lòt frè yo, rakonte tout sa Bondye te pèmèt yo fè.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International