Add parallel Print Page Options

23 Men lèt gwoup la te bay mesye yo pot ale a:

Apot yo ansanm ak lidè yo, ki se frè nou nan lafwa,

voye bonjou pou tout frè nou yo ki pa Jwif, k ap viv nan lavil Antyòch, nan peyi Siri ak nan Silisi.

24 Nou aprann gen moun ki te soti bò isit la, yo ale lakay nou pou y al twouble nou. Pawòl moun sa yo pale yo boulvèse lespri nou. Nou vle nou konnen se pa nou menm ki te voye mesye sa yo al preche bagay konsa. 25 Se sa k fè, nou tout dakò ansanm pou n chwazi kèk moun pami nou pou voye lakay nou. Y ap vini ansanm ak de frè byenneme nou yo, Banabas ak Pòl.

Read full chapter