Add parallel Print Page Options

38 Men, Pòl pa t kwè se te yon bon lide pou yo mennen jenn nonm nan ak yo, paske dènye fwa a, misye te kite yo nan Panfili. Li pa t chwazi rete nèt ak yo jouk yo te fin fè travay la. 39 Sa te lakoz yon gwo diskisyon leve ant Pòl ak Banabas. Bagay la te tèlman serye, mesye yo oblije separe. Banabas pati nan direksyon lil Chip ansanm ak Jan Mak.

40 Pòl li menm chwazi Silas pou ale avè l. Apre kwayan yo fin priye pou mande Bondye akonpanye yo ak gras li, Pòl ak Silas pati.

Read full chapter