Font Size
Travay 18:17-19
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Travay 18:17-19
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
17 Lè sa a, yo pase men pran Sostèn ki te chèf Sinagòg la, yo tout tonbe bat li byen bat, la devan tribinal la. Men, sa pa t fè Galyon ni cho ni frèt.
Pòl retounen lavil Antyòch
18 Pòl te rete nan Korent ansanm ak kwayan yo pandan yon bon tan ankò. Apre sa, li pran batiman, l ale nan peyi Siri. Prisil ak Akilas te vwayaje avèk Pòl tou. Lè Pòl rive nan Sankre, li fè kale tèt li, paske li te fè yon ve[a] ak Bondye yon. 19 Lè yo rive nan vil Efèz, Pòl separe avèk Prisil ak Akilas. Pandan l nan Efèz, Pòl al nan Sinagòg la, li kòmanse kèk bon diskisyon ak Jwif yo.
Read full chapterFootnotes
- 18:18 ve Li pwobab se yon ve Nazireyen, yon peryòd kote yon moun pwomèt pou l konsakre l epi pou l fè sèvis pou Bondye. Lè l koupe cheve li a, sa vle di ve a te fini. Gade Nazireyen nan Lis Mo yo.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International