Font Size
Travay 19:7-9
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Travay 19:7-9
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
7 Te gen douz mesye konsa nan gwoup la.
8 Pòl te ale nan Sinagòg la kote l t ap pale avèk anpil asirans. Li te kontinye fè sa pandan twa mwa. Chak okazyon li te jwenn pou l diskite ak Jwif yo, li t ap eseye konvenk yo pou yo aksepte mesaj li t ap anonse yo konsènan wayòm Bondye a. 9 Men, gen ladan yo ki t ap fè tèt di, yo te refize kwè. La devan tout moun, yo t ap di yon pakèt move pawòl konsènan Chemen Kris la. Konsa, Pòl vire do kite Jwif yo; li sèlman pran disip ki te kwè yo ansanm avèk li. Depi lè sa a, se nan lokal lekòl Tiranis la Pòl te pale ak pèp la chak jou.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International