Add parallel Print Page Options

11 Pami nou la a, gen moun ki Jwif nan san yo, gen lòt se moun lòt nasyon ki te vin konvèti nan relijyon Jwif yo. Gen moun ki soti Krèt, gen moun Arabi tou. Ki jan nou chak fè tande y ap pale de bèl mèvèy Bondye yo nan pwòp lang nou chak?”

12 Tout foul la te sezi. Yo pa t konnen kijan pou yo eksplike sa k pase a. Anpil ladan yo t ap mande youn lòt: “Ki sa bagay sa a vle di menm?” 13 Men gen lòt menm ki t ap pase disip yo nan betiz, yo t ap di: “Yo genlè bwè twòp diven, yo dwe sou.”

Read full chapter