Font Size
Travay 20:19-21
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Travay 20:19-21
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
19 Jwif yo t ap fè konplo kont mwen, epi sa te mete m nan sitiyasyon difisil. Men nou konnen m te toujou ap sèvi Senyè a, menmsi gen kèk fwa se ak dlo nan je. M te toujou fè tout sa avèk anpil imilite. 20 M te toujou fè tout sa ki bon pou nou. M te toujou anonse nou Bòn Nouvèl la devan tout moun, an piblik, epi m te anseye nou tout bagay nan kay yo tou. 21 M te toujou egzòte tout moun, Jwif tankou Grèk, pou yo chanje jan y ap viv la epi pou yo tounen vin jwenn Bondye. M te toujou mande yo pou yo mete konfyans yo nan Jezi, Senyè nou an.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International