Add parallel Print Page Options

17 Kèk tan apre, mwen te retounen Jerizalèm. Pandan m t ap priye nan tanp lan, mwen fè yon vizyon. 18 M wè Senyè a parèt devan m, li di m: Prese kite Jerizalèm kounye a menm. Moun Jerizalèm yo p ap aksepte verite temwanyaj w ap bay pou mwen an.

19 Mwen di: Senyè, moun yo konnen trè byen se mwen menm ki te konn ap mache nan sinagòg yo pou pouswiv kwayan yo. Se mwen ki te konn ap arete yo met nan prizon epi bat yo byen bat tou.

Read full chapter