Travay 22:3-5
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
3 “Mwen se yon Jwif, ki te fèt nan lavil Tas, nan peyi Silisi. Men se isit la menm, nan vil sa a mwen grandi. Se elèv Gamalyèl[a] mwen te ye. Se li menm ki te anseye m tout bagay konsènan lalwa zansèt nou yo. M te toujou gen anpil zèl pou sèvi Bondye, menm jan sa ye pou nou menm jodi a. 4 Mwen te pèsekite moun ki t ap swiv chemen Kris la. Gen ladan yo yo touye poutèt mwen menm. Mwen te konn mache arete fi kou gason pou mete yo nan prizon.
5 Gran prèt la ansanm ak tout asanble Gran Konsèy lidè Jwif yo kapab sètifye sa m ap di a. Se lidè sa yo menm ki te ban m lèt pou prezante m bay kòlèg Jwif ki nan lavil Damas yo. M t apral Damas pou m al arete disip Jezikris yo, pou m te vin avèk yo nan Jerizalèm pou yo te ka pini yo.
Read full chapterFootnotes
- 22:3 Gamalyèl Se te yon gwo pwofesè pami Farizyen yo, yon gwoup nan relijyon Jwif yo yo. Gade nan Trav 5:34.
Copyright © 2017 by Bible League International