Font Size
Travay 23:1-3
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Travay 23:1-3
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
23 Pòl gade Gran Konsèy la epi l di: “Pou mwen menm, frè m yo, mwen toujou mennen bak mwen devan Bondye ak konsyans mwen byen klè depi lontan jouk jounen jodi a.” 2 Ananyas,[a] ki te pi gran sakrifikatè a lè sa a, li te la tou. Lè l tande Pòl di pawòl sa yo, li pase moun ki te toupre Pòl yo lòd pou bay Pòl yon kalòt. 3 Lè sa a, Pòl di: “Ou menm se Bondye k ap frape w! Miray blanchi! Gade w chita la pou jije m selon lalwa, epi gade w mande pou yo frape m, epi se yon bagay ki kont lalwa!”
Read full chapterFootnotes
- 23:2 Ananyas Se pa menm moun ak mesye ki rele Ananyas nan Trav 22:12.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International