Add parallel Print Page Options

10 Diskisyon an te fè goumen leve, sa te fè kòmandan an vin pè pou moun yo pa dechire Pòl an miyèt moso. Konsa, li mande sòlda l yo pou yo desann nan foul la, retire Pòl nan mitan yo epi al fèmen l nan kazèn nan.

11 Nan lannuit jou sa a, Pòl wè Jezi Senyè a ki parèt devan l epi li di l: “Pran kouray! Paske menm jan ou rann temwanyaj pou mwen isit Jerizalèm, se konsa ou gen pou rann temwanyaj pou mwen tou, nan lavil Wòm.”

Kèk Jwif ap fè konplo pou touye Pòl

12 Nan demen maten, kèk nan Jwif yo monte yon konplo pou yo touye Pòl. Yo te menm fè yon ve devan Bondye yo pa t ap ni manje ni bwè anyen jouktan yo touye Pòl.

Read full chapter