Font Size
Travay 25:24-26
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Travay 25:24-26
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
24 Festis pran lapawòl, li di: “O Wa Agripa, nou tout ki rasanble isit la, nou wè nonm sa a! Tout pèp Jwif la, kit se isit la Sezare, kit se Jerizalèm, yo pote m plent pou li. Chak fwa yo pote plent pou li, y ap rele mande pou l mouri. 25 Lè m tande li, m pa jwenn li koupab de anyen pou l ta merite lanmò. Men, li menm li mande pou Seza tande koz li. Konsa mwen deside voye l nan lavil Wòm. 26 Malgre sa, m pa konn kisa pou m di Seza nonm nan fè ki mal. Se poutèt sa m deside fè l konparèt devan nou tout, sitou devan wa Agripa. M espere n ap ka poze l kesyon pou ede m jwenn yon bagay pou m ekri voye bay Seza.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International