Add parallel Print Page Options

Se la ofisye lame a jwenn yon bato ki te soti nan lavil Aleksandri pou ale an Itali. Li fè nou monte ladan l.

Nou navige lantman pandan plizyè jou. Se te avèk anpil efò nou te rive sou kòt Nid. Men poutèt van an pa t pèmèt nou ale pi lwen, nou te navige pase nan sid zile Krèt ki toupre ak Salmone. Nou navige toupre kòt la, men sa pa t fasil menm. Nou vin rive yon kote yo rele “Bon Pò yo”, toupre lavil Lize.

Read full chapter