Add parallel Print Page Options

25 Lè a te rive pou yo pati, men yo pa t dakò youn ak lòt. Pòl te sèlman di mesye yo: “Sa Sentespri a te di sou zansèt nou yo pa mwayen pwofèt Ezayi a se verite a:

26 Ale kote pèp sa a epi di li:
Ou ap koute sou koute,
    men ou p ap konprann anyen.
Ou ap gade sou gade,
    men ou p ap wè anyen.
27 Kè pèp sa a vin tounen zanpoud.
    Yo bouche zòrèy yo pou yo pa tande,
    yo fèmen je yo pou yo pa wè.
Si kè yo pa t tounen zanpoud
    yo ta wè ak je yo,
    yo ta tande ak zòrèy yo,
yo ta konprann, yo ta tounen vin jwenn mwen,
    mwen ta geri yo.[a]

Read full chapter

Footnotes

  1. 28:26-27 Sitasyon sa a soti nan Eza 6:9-10.