Add parallel Print Page Options

21 Tande apot yo fin tande sa, yo te fè sa yo te tande a. Depi byen bonè nan maten, apot yo te gentan rive nan Tanp lan epi yo t ap anseye pèp la. Pi gran sakrifikatè a ansanm ak patizan l yo te konvoke yon reyinyon pou Gran Konsèy la ansanm ak lidè ki pi ansyen yo. Yo voye chache apot nan prizon an mennen bay yo.

22 Lè gad yo rive nan prizon an, yo pa jwenn Apot yo. Yo tounen nan reyinyon an vin rapòte sa k pase a. 23 Men sa yo di konsèy la: “Tout pòt prizon an te byen fèmen ak kle. Gad yo te byen poste devan pòt prizon jan sa dwe fèt. Men, lè nou louvri pòt prizon an, li te vid, nou pa jwenn pèsonn anndan l.”

Read full chapter