Add parallel Print Page Options

24 Lè kòmandan lagad tanp lan ansanm ak sakrifikatè an chèf la tande pawòl sa yo, yo tonbe nan konfizyon. Yo poze tèt yo kesyon sou sa k pase a.

25 Apre sa, yon moun vin di yo konsa: “Men m wè mesye yo nou te met nan prizon an kanpe nan Tanp lan ap anseye pèp la wi.” 26 Kòmandan lagad la ansanm ak mesye l yo soti al chache apot yo, yo pa t fè vyolans sou yo, paske yo te pè pou pèp la pa t kalonnen yo ak kout wòch.

Read full chapter