Add parallel Print Page Options

41 Konsa, yo fè yon zidòl ki gen fòm yon towo bèf. Apre sa, yo ofri sakrifis bay zidòl la. Se pa ti kontan yo te kontan pou zidòl yo te fè ak pwòp men pa yo a. 42 Men Bondye vire do ba yo. Li lage yo pou yo kontinye sèvi latriye move lespri yo ki nan lè a. Men sa Bondye te di nan liv pwofèt yo:

Nou menm pèp Izrayèl, èske se pou mwen nou te fè ofrann bèt ak lòt sakrifis,
    pandan karantan nou te pase nan dezè a?
43 Se tant pou nou adore Molòk nou pote pito,
    epi pòtre zetwal ki reprezante Refan
ansanm ak bann lòt imaj nou te fè pou n adore yo.
    Poutèt sa, m ap voye nou al chwe jouk lòtbò Babilòn.[a]

Read full chapter

Footnotes

  1. 7:42-43 Sitasyon sa a soti nan Am 5:25-27.