Travay 7:43-45
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
43 Se tant pou nou adore Molòk nou pote pito,
epi pòtre zetwal ki reprezante Refan
ansanm ak bann lòt imaj nou te fè pou n adore yo.
Poutèt sa, m ap voye nou al chwe jouk lòtbò Babilòn.[a]
44 Tabènak la,[b] ki se tant Letènèl la, li te ansanm ak zansèt nou yo nan dezè a. Yo te fè l egzakteman jan Bondye te mande Moyiz fè l la, selon modèl Moyiz te wè a. 45 Jenerasyon ki te fè tant lan te vin pase l bay jenerasyon ki te vin apre yo a, pami zansèt nou yo. Yo te gen tant lan ansanm ak yo lè Jozye t ap mennen yo antre nan peyi Bondye te pwomèt yo a, lè Bondye t ap chase pèp Kanaran yo devan yo a. Yo te kenbe tant sa a soti nan yon jenerasyon pou ale nan yon lòt jenerasyon jouk rive nan tan wa David la.
Read full chapterCopyright © 2017 by Bible League International