Add parallel Print Page Options

Sòl te dakò nèt pou yo te touye Etyèn.

Pèsekisyon kont kwayan yo

Nan peryòd sa a tou te gen yon kokenn chenn pèsekisyon ki te vin leve kont legliz Jerizalèm nan. Tout fidèl yo te gaye nan tout rejyon Jide a ak nan rejyon Samari. Se apot yo sèlman ki te rete Jerizalèm. Kèk moun ki te renmen Bondye te antere Etyèn epi yo te kriye anpil pou li. Sòl li menm te soti pou detwi legliz la. Li mache kay an kay al trennen tout moun ki kwè nan Kris yo mete deyò, li fè fèmen fanm tankou gason nan prizon.

Read full chapter