Add parallel Print Page Options

Filip preche Bòn Nouvèl la nan Samari

Filip[a] desann nan vil Samari epi li tonbe preche moun nan vil la mesaj Kris la. Foul moun yo nan Samari te koute tout sa Filip t ap di avèk anpil atansyon. Non sèlman yo te tande li, men yo te wè mirak li t ap fè yo tou. Anpil nan moun sa yo ki te gen move lespri sou yo te geri. Move lespri yo te pouse gwo rèl, apre sa yo soti sou moun yo. Anpil moun ki te paralize ak estwopye te geri tou.

Read full chapter

Footnotes

  1. 8:5 Filip Sa a se pa menm Filip ki te apot la.