Add parallel Print Page Options

28 Poutèt yo pa t wè sa enpòtan pou yo chache konnen toutbon vre ki lès Bondye ye, Bondye te lage yo pou kite yo swiv tout move lide lespri yo. Konsa, yo te fè anpil bagay yo pa t dwe fè. 29 Yo plen ak tout kalite enjistis. Yo fè sa ki mal, yo pote anvi sou bagay ki pa pou yo. Yo mechan, yo plen ak jalouzi. Yo fè kont ak moun, yo touye moun. Yo twonpe moun, yo bay manti sou yo epi yo vle fè moun mal. 30 Y ap pale youn lòt mal. Yo rayi Bondye. Yo ensolan, yo gen lògèy, yo lwanjè. Yo envante fason pou yo fè sa ki mal. Yo pa obeyi paran yo,

Read full chapter