Add parallel Print Page Options

23 Men si yon jou, Jwif yo dakò pou yo kwè, y ap grefe yo ankò kote yo te ye anvan an. Paske Bondye gen pouvwa pou l refè sa ankò. 24 Ou menm, ou te yon branch nan yon pye bwa sovaj. Yo te debranche w epi yo te grefe w sou yon bon pye bwa. Ka pa w la pa natirèl. Jwif yo, yo menm, yo soti nan bon pye bwa a. Alò, Bondye ap grefe yo fasil fasil ankò sou pye bwa sa a kote yo te soti a.

25 Frè ak sè, kretyen yo, verite sa a ap ede nou wè nou pa konnen tout bagay. Men sa ki verite a: Yon pati nan pèp Izrayèl la ap fè tèt di, jouk tan gen ase moun ki pa Jwif ki vin jwenn Bondye.

Read full chapter