Add parallel Print Page Options

25 Frè ak sè, kretyen yo, verite sa a ap ede nou wè nou pa konnen tout bagay. Men sa ki verite a: Yon pati nan pèp Izrayèl la ap fè tèt di, jouk tan gen ase moun ki pa Jwif ki vin jwenn Bondye. 26 Konsa, tout moun ki nan pèp Izrayèl la ap sove, jan Pawòl Bondye di l la:

“Sovè a ap soti nan Siyon;
    L ap retire Izrayèl nan move zak l ap komèt yo.
27 Se konsa m va fè alyans ak yo
    lè m va retire peche yo.”[a]

Read full chapter

Footnotes

  1. 11:26-27 Sitasyon sa a soti nan Eza 59:20-21; 27:9.