Add parallel Print Page Options

26 Konsa, tout moun ki nan pèp Izrayèl la ap sove, jan Pawòl Bondye di l la:

“Sovè a ap soti nan Siyon;
    L ap retire Izrayèl nan move zak l ap komèt yo.
27 Se konsa m va fè alyans ak yo
    lè m va retire peche yo.”[a]

28 Pou kounye a, gen Jwif ki refize aksepte Levanjil. Lè yo fè sa, yo tou rejte Bondye. An reyalite yo fè tèt yo lènmi Bondye. Sa rive konsa poutèt ou menm ki pa Jwif. Men yo toujou rete pèp Bondye chwazi a, epi Bondye renmen yo, poutèt pwomès li te fè zansèt yo.

Read full chapter

Footnotes

  1. 11:26-27 Sitasyon sa a soti nan Eza 59:20-21; 27:9.