Add parallel Print Page Options

Pa kritike frè w

14 Byen resevwa moun ki pa gen yon konviksyon solid sou sa yon kwayan dwe fè ak sa l pa dwe fè, san fè lide kritike fason yo panse. Yon moun kwè li ka manje tout bagay,[a] yon lòt menm, ki pa gen yon lafwa solid, li manje legim sèlman. Moun ki manje tout bagay la pa dwe panse li pi bon pase moun ki pa manje tout bagay; epi menm jan an tou, moun ki pa manje tout bagay la pa dwe panse li pi bon pase moun ki manje tout bagay la. Paske Bondye aksepte l.

Read full chapter

Footnotes

  1. 14:2 manje tout bagay Selon Lalwa Jwif yo to, gen kèk manje yon Jwif pa t gen dwe manje. Lè moun sa yo te vin disip Kris, kèk nan yo pa t konprann lè sa yo te gen dwa manje tout kalite manje.