Font Size
Women 3:27-29
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Women 3:27-29
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
27 Konsa, pou noumenm Jwif, kisa ki rete pou fè fyète nou? Anyen. Bondye fèmen pòt tout fyète pou Jwif yo. Ki lwa ki di sa? Lalwa ki egzije zèv yo? Non, se lalwa ki mande pou n gen lafwa a. 28 Mwen vle di, nou vin moun Bondye aksepte pa mwayen lafwa nou, men se pa poutèt sa nou fè nan swiv lalwa. Se sa nou kwè. 29 Oubyen, èske Bondye se Bondye Jwif yo sèlman? Èske n panse Bondye pa Bondye pèp ki pa Jwif yo tou? Wi, li se Bondye pèp ki pa Jwif yo tou.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International